1. Èske mwen ap resevwa yon sètifika apre fòmasyon an?
Wi. Apre ou fin konplete kou a (teyorik + pratik oswa kou enfòmatik yo), ou resevwa yon sètifika ofisyèl Summit Center, ki konfime konpetans ou epi ka sèvi nan karyè ou.
2. Ki jan mwen ka enskri nan yon kou?
Ou kapab enskri dirèk sou sit web nou (nan bouton Enskri), oswa vini dirèk nan biwo Summit Center pou asistans.
3. Èske kou yo fèt sèlman anliy oswa gen opsyon prezansyèl?
Nou ofri de opsyon: kou anliy pou moun ki prefere fleksibilite, epi kou an prezansyèl pou moun ki vle aprann fas-a-fas ak fòmatè yo.
4. Ki jan peman yo fèt?
Peman yo kapab fèt anliy atravè Moncash, Natcash, Unibank, Sogebank, oubyen an kach / transfè lè ou vini dirèkteman nan biwo nou.
5. Èske mwen ka chwazi orè pou sesyon pratik yo?
Wi. Lè ou fin peye pou pratik, sistèm nan pèmèt ou chwazi jou ak lè ki pi bon pou ou. Si yon orè deja ranpli, ou ap wè l indisponib epi ou ka chwazi yon lòt.